← Retour à la liste
Chant d'esperance creole

11. Mwen se temwen JeziKri

1. Mwen se temwen JeziKri M ap obeyi li Lemonn pa ka bay lavi Se sèl Jezikri. Mwen vle konsakre lavi m Pou m fè sèvis li Tout byen m gen sou latè Se pou travay li. Kè: O! wi, pou w temwen Fò w konnen Jezi Sèl pitit Bondye a Ki mouri pou nou; Lòm pa kapab jwenn Bondye San l pa jwenn Jezi Alelouya! m te pèdi Men m twouve lavi. 2. Abraham, papa lafwa Bib la di nou sa Avan Abraham te la Jezikri te la; Jezikri pa t janm pa la E l ap toujou la Pou w gen lavi etènèl Fò w nan Jezikri. 3. Lè m kwè m te prè Jeova Poutan m te byen lwen, Mwen t ap chèche verite Tout kote m pase; Tout pouvwa pou Jezikri Ki fè m wè erè m Se li ki laverite Pou letènite. 4. Senyè Bondye twa fwa Sen, Ki gen tout pouvwa Ou ki voye Jezikri Vin mouri pou nou Nou ba ou remèsiman Pou bon sovè sa Ki te bay lavi l pou nou: Jezi Wa tout wa.