← Retour à la liste
Chant d'esperance creole

14. Nan Kris e nan Kris sèl n a jwenn vrè lavi

1. Nan Kris e nan Kris sèl n a jwenn vrè lavi Se gras a Li vye nat a mouri, Li rachte mwen nèt, kò, nanm, ak lespri mwen Se pa mwen k ap viv, men Kris viv nan mwen. Kè: Abondans lavi, se sa m jwenn nan Li, Li transfòme mwen Pou m sèvi Li byen, San Li te rachte mwen; Li ban mwen Lespri Sen, Se nan Kris ki gen abondans lavi. 2. Sentespri Bondye konvenk mwen de peche m, Li fè m konfye nan pwomès Bondye tou Glwa apre glwa m ap transfòme pou m rive Sanble nèt avèk Jezi Senyè mwen. 3. Dlo ki nan sous lavi a ap debòde, E se li ki pote benediksyon. Se lavi an abondans L ap transpòte, Li bay lanmou, lajwa, lapè ak padon.