← Retour à la liste
Chant d'esperance creole

3. Nan la Bib yo rakonte

1. Nan la Bib yo rakonte Istwa yon pwofèt Bondye Te voye nan yon vil tou plen peche; Moun la yo pa t ko tande Pale de lagras Bondye Men pwofèt la pa t gen kouraj pou ale. Kè O laba! Wi laba! Lè mwen rive nan syèl la! Li va rakonte m tou sa, wi laba! Nan peyi Alelouya! M ap pran nan Jonas apa E l a rakonte m tou sa, wi laba! 2. O! Bondye voye Jonas Preche Niniv repantans, Men Tasis li vle ale nan yon lòt bato; Men van an te vante byen fò Li pa t kapab ret abò, Se nan vant pwason an li sonje priye. 3. Nan mitan yon gwo lanmè Dlo nan je, l ap lapriyè Men pwason rejte Jonas sou rivaj Avèk jwa l ale tou swit Preche Niniv yo konvèti, Dezobeisans fini e li vin saj. 4. Lè Jonas pale konsa Wa Niniv la repanti Li mande pou tout pèp la fè yon jèn Pèp Niniv yo konvèti, Granmoun, timoun, jèn kon vye Fòs la nan men Letènèl, Wi laba.