← Retour à la liste
Chant d'esperance creole

5. Lè Jezi rele m, lè Jezi rele m

1. Lè Jezi rele m, lè Jezi rele m M a reponn Li, ma reponn Li. Lè Li rele m, rele m (3fwa) M a reponn Li. 2. Senyè Jezi mwen vle sèvi ou Senyè Jezi mwen vle sèvi Ou Mwen vle sèvi Ou, sèvi Ou (3fwa) Toutan nan vi mwen. 3. Depi lontan mwen te pèdi Pèsonn pa t wè m bezwen sove Bezwen sove, sove (3fwa) Anba men Satan. 4. Glwa pou Jezi ki te jwenn mwen Nan gran chemen san sekou menm Li te jwenn mwen, jwenn mwen (3fwa) Lè m te san soutyen. Amen.