← Retour à la liste
Chant d'esperance creole

71. Anwo mòn Kalvè, yo te plante yon kwa

1. Anwo mòn Kalvè, yo te plante yon kwa, Pou mete yon nonm yo meprize. Men nonm sa a se te sèl pitit Bondye a, Ki mouri pou nou ka sove. Kè Kris pann sou lakwa, Sa se sijè chan mwen, Kris sa a li byen mèveye. Li rachte sa k pèdi, Li te peye tout pri. Glwa a Jezi, klouwe sou lakwa. 2. Lèzòm pa t konnen sa yo t ap fè lè sa a; Kris di: Padone yo, souple. Yo pa te konnen menm kwa ki meprize a, Se te lakwa Kris glorifye. 3. Gen moun ki adore kwa Kris la sèlman, Mwen menm m adore Kris sou kwa a. Paske se pa nan kwa a pisans la rete, Men se Kris sèl ki bay viktwa.