← Retour à la liste
Gloire a Dieu creole

1. Tribilasyon nou Senyè, Senyè, Senyè

Kè Tribilasyon nou Senyè, Senyè, Senyè, Pwoblèm nou yo ak kalamite Yo tout vle pote nou ale. (2 fwa) 1. Chak jou n leve, se yon sèl koze Nou pa ka manje, nou pa ka abiye; Pitit nou yo pa ka ale lekòl, N ape mande ki kote sa prale, O Bondye! Kè 2. Pwoblèm nou yo, traka nou yo, Yo tout vle pote nou ale. 2. Lè gwo pwoblèm vini pou l trouble nou, Lè tout espwa sanble fini pou nou Lè n pa konnen si pou n monte, ni desann; Nou vin n kote w, ou toujou delivre n, O Bondye! 3. Lè n gen yon pwoblèm ki pa kapab rezoud, Lè n pa konnen si pou n monte ni desann; Pran telefòn syèl la epi telefone anwo, Priyè va monte, delivrans va desann