← Retour à la liste
Gloire a Dieu creole

2. Jezi pral jije Kriminèl yo

Kè Jezi pral jije kriminèl yo E L ap kondane yo; Jezi pral jije kriminèl yo L ap prononse santans yo. Lè Li va louvri gwo liv la Pou L fè apèl mechan yo; Jezi pral jije kriminèl yo E L ap kondane yo. 1. Lè n rete n ap gade sa k ap pase; Nou pa ka pa pale. Mechan yo ap touye, y ap maltrete Tout pitit Bondye yo. Yo touye ti bebe nan bèso yo Sa a se mechanste, Letènèl pral vanje san inosan Yo te sakrifye. 2. Lè nou wè sa k ap pase pitit Bondye yo, Dlo koule nan je nou. Y arete, yo maspinen, yo kraze zo yo Yo menm fiziye yo. Yo mete yo nan prizon, yo bliye yo Sa a se mechanste; Gen yon jou ki pral rive Yo p ap kenbe yo, fòk yo libere. 3. Te gen yon nonm lontan ki te awogan Yo te rele l Golyat, pa t gen moun Ki te gen dwa pou l te ka kanpe Pou l goumen ak Golyat. L arete, li fizye, l anprizone Pitit Izrayèl yo; Letènèl voye David vin atake li Golyat te tonbe, se vre. 4. Lè ou rete ou wè yon nonm kenbe yon nonm, Li met kouto nan kou l; Li pran vè l li pare l l ape pran san, Pou l ale banboche. Li pa menm reflechi si se frè li, Sa a se mechanste Letènèl pral pale, li pral di, arete! Jou pa m nan rive. 5. Letènèl ap pare bèt sovaj yo, E L ap antere yo; Jou festen an tou rive pou li vanje San pitit li yo. Jeneral, gouvènè, wa latè yo Vi nou menase; Vini non sa n ap tann, chape pou l nou Jou a pre rive.