← Retour à la liste
Gloire a Dieu creole

15. Lè w anba nyaj ak tanpèt yo

1. Lè w anba nyaj ak tanpèt yo Chan e souri yo ale; Genyen yon moun ki renmen ou Menm lè lannwit la twò long. Gen youn ankò pou ede ou, Gen youn ki ka reponn ou, Gen youn ki wè tout sò ou yo, Gen youn ki konnen sa. Kè Li konnen sa. (2 fwa) Tout tantasyon ak doulè yo, Se Jezi k sèl espwa. 2. Lè plezi tè sa a disparèt, Jounen ak lannwit sanble. Pou ou, nanpwen anyen ankò Menm kouraj, nanpwen ankò. Ou panse pa genyen espwa Men gen yon moun pou ede w Se li Menm ki va pran swen ou Li konnen bezwen ou. 3. Kite Sovè a pran swen ou Prese chèche prezans li. Li bay lapè, Konsolasyon, Li fè tout dout yo ale; Li chanje vi ou konplètman Syèl la va louvri pou ou, Se Jezi ki va pran swen ou Paske li konnen sa.