21. Kretyen annou pale de Jezi
1.
Kretyen annou pale de Jezi
Se yon non nou p ape janm bliye
Se Li ki te vin sove lemonn
Epi Li konn fè anpil mirak.
Kè
Jezi se Wa, wi Jezi se Wa,
Jesu se Wa, Jezi se Wa tout wa.
2.
Jezi monte nan Jerizalèm
Yon bann moun te vle pou l vini wa
E lè li antre andedan tanp la
Li chase moun ki t ap fè komès yo.
3.
Jezi monte Jetsemane
Yon bann Sòlda te vin arete l
Tout disip li yo vire kite li
Pyè di li pa konnen nonn sila a.
4.
Eske nou menm nou pa pou Jezi?
Si nou dako pou n soufri pou li
Se nou menm yo va pi meprize
Si you jou nou pral rejwi avèk li.