← Retour à la liste
Gloire a Dieu creole

23. Byen pre pa lakay

1. Byen pre pa lakay Menm si w wè w prèske rive Byen pre pa lakay Menm si w wè vil la devan ou Byen pre pa lakay Menm si pwoblèm yo rezoud Byen pre pa lakay Ou pa bezwen triyonfe. 2. Gen kèk gwo kretyen Ki la lontan nan legliz Yo tèlman ansyen Yo kwè yo konn tout bagay Yo chita chita yo, yo pa janm fè pwogrè Lè moun egzòte yo, Yo di se ansyen yo ye. 3. Gen kek gro kretyen Ki gen senkantan legliz Yo nan tout program, Kote misyon ye yo la Lè yo vin legliz yo toujou pran plas devan Men si yon frè pile yo, Yo fache pou yo mouri. 4. Gen kèk gro levit ki vin tou cho nan legliz Yo zanmi pastè, yo zanmi predicatè Yo bay gro lajan yo nan tout aktivite Men yo pa janm chanje Paske yo pa janm sove. 5. Sonje lè Moyiz te fin delive pèp la Li t ape mache men nan men ak Letènèl Li rive sou wout li pa t obeyi Bondye Moyiz wè kanaran, men li pa t antre ladan l. 6. Gen anpil kretyen Ki rampli avèk lògèy Yo toujou panse Yo pi bon pase tout moun Lè yo jwenn avek ou Yo preske paka salye w Men devan Letènèl Tout kretyen gen menm valè