← Retour à la liste
Gloire a Dieu creole

25. Mwen mache nan yon vye chemen

1. Mwen mache nan yon vye chemen, Mwen pa janm jwenn sekou Fado mwen dekouraje mwen Li sanble tèlman lou, Mwen plenyen, mwen di Jezi: Moun yo pa gen lanmou Epi Li reponn mwen Ak vwa l si dous: Mwen te bouke, mwen menm tou, Lè m mache sou Kalvè, Kwa mwen te vin tèlman lou Mwen tonbe m te tonbe Kretyen, se pou ou fidèl, Repo ou pa twò lwen, Pran kwa ou non, E mache avèk mwen. 2. Souvan mwen konn vante tèt mwen, Mwen di m fè gwo travay, E pou m mache nan chemen an Mwen fè gran sakrifis. M abandone anpil bagay Pou m vin disip Kris. Epi li reponn mwen Ak vwa l byen tris: Mwen kite bèl laglwa mwen, Mwen fè sa ak lajwa, Lemonn pa resevwa mwen, Yo kloure m sou yon kwa. Ou menm kab fè chemen an Ak men ou nan men mwen, Pran kwa ou non, E mache avèk mwen. 3. Kounye a, Jezi, m vle swiv ou Avèk imilite, Menm si m ta dwe mouri pou ou Sa pa t ap fè m peye Tout lanmou san mezi ou Lanmò ou te montre m Ak vwa l byen dous Li reponn, Li mande m: Si se sèlman yon vè dlo Mwen vle ou bay pou mwen, Oubyen, pòte gwo fado Ki peze jouk lafen, Menm si mwen vle ou soufri E menm mouri pou mwen Jezi, m a pran kwa mwen, M a fè l pou ou.