7. Yon jou lèzòm ap peye byen chè tout rebelyon
1.
Yon jou lèzòm ap peye
Byen chè tout rebelyon;
Yo mache nan lide yo,
Y ap pratike mechanste.
Bondye nan gran amou li,
Li mete levanjil
Kon yon lumyè sou latè,
Men lèzòm pa konprann sa.
2.
Te gen yon nonm kite rich
Yo te rele Nabal;
David te vin gen pwoblèm,
Li te frape pòt Nabal,
Malgre tout gran sèvis yo
David te rann Nabal
Lè li te nan dezè a,
Men Nabal te mepize l.
3.
Jezi di si w ta bay
Yon sèvitè l lamen
Ou mèt gen asirans
Se pou li menm ou fè sa.
Bondye nan lye sekrè a
Ape gade chak moun,
Malgre tout mechanste yo,
Men Bondye vle yo sove.
Kè
Yon jou tankou Jodi a,
Jezi pral retounen;
Latè pral souke kò li,
Mechan yo pral tonbe. (2 fwa)