← Retour à la liste
La voix du reveil creole

1. Kòm Bib la menm te di

1. Kòm Bib la menm te di N ap viv nan dènye tan an; Antekris yo deja, toupatou nan lemonn Ou menm ki te avèti, kenbe Bib ou fò Le a deja rive, Sovè a pral parèt. Kè: Ou menm pechè, vini jwenn Jezi Fè you retou nan Jezikri; Li si fidèl, l a sove ou. 2. Matye 24 pale: lagè gen pou rive Avek tout katastwòf ki va rive toupatou. Vrèman se sa nou wè, sou late pa gen pè Se lagè ak soufrans, traka ak lanmò. 3. Patou sou latè sa a pa gen senserite Se manti ak kout lang; krim, adiltè, lanmò Bib la te di tou sa; e y ape fèt chak jou Bondye wete lapè ki nan lemonn. 4. Gen anpil jèn gason avek anpil jèn fi Y ap pwofite tan an, Y ap rejwi nan peche Si yo te gen bon sans, yo ta vin jwenn Jezi Pa gen anyen k serye nan vi sou tè sa a.