← Retour à la liste
La voix du reveil creole

2. Sa sa fè si wout la move?

1. Sa sa fè si wout la move? Menm si gen move pa? Li konnen byen tou sa m ka fè, Papa m ranje l konsa Kè M ap chante nan solèy, nan fènwa, Nenpòt sa k rive m a kontan, Fò m chante, mwen pa kapab rete, Papa m ranje l konsa 2. Sikonstans yo kapab chanje, Sa pa fè mwen anyen, Depi se konsa li chwazi, Plan Papa m bon pou mwen 3. Li te dejà pase wout sa a, M ap swiv Li pazapa, Mwen gen konfyans Jezi Senyè m, Ap mennen m nan syèl la. 4. Sèlman limyè ak rejwisans, Ap tann mwen alafen, Donk mwen pa pè yon ti soufrans, Papa m ranje li byen.