← Retour à la liste
La voix du reveil creole

13. Kretyen, Letènèl konnen Satan genyen pisans

1. Kretyen, Letènèl konnen Satan genyen pisans Li fè nou nan prezans li, Lave nou toulejou Priye veye jou e nwi, Satan pa nan dòmi. Jezi la toulejou Si n konfye n nan li sèl. Refren: Jezi sove nou, li delivre nou, Jezi la, li avèk nou, li pa pi lwen. (2 fwa) 2. Lè m te chita nan Legliz, M te di m ansyen; M te mete baryè Pou levanjil pa preche, Kris konnen moun li chwazi Pou preche levanjil Fòk mwen preche levanjil, Jezi ban mwen pisans. 3. Levanjil ki pou preche Pou kè yo konvèti Fòk se pas an ak lachè Lògèy, filozofi. Obeyisans nan lafwa Ak pisans Sentespri Sentespri la toutan E li va ede nou. 4. Lè m t ap chwazi relijyon M te chaje ak lògèy, Moun pa t pale avèk mwen Pou m pat bay repons, Lè Jezi rantre nan kè mwen. Mwen vin chanje konplètman. Kris fè m konnen l pran chay mwen Se pou m rete kote l.