← Retour à la liste
La voix du reveil creole

16. Yon Jour Nou Te Konvèti

1. Yon jou nou te konvèti, Ala yon bèl jou sa; Jezi te padone nou, Li te ban nou lafwa, Nou te di: M ap swiv Jezi pou letènite Eske nou toujou fidèl? Eske nou kretyen vre? Refren: O, nou pa kapab preche lemon Si nou gen peche Se poutèt sa n ap mande Bondye Pou yon revèy Fidèl yo, misyonè yo, Pastè yo, se vre, N a wè pisans Seyè a Lè nou gen yon revèy 2. Nou gen tan pou nou travay Nou gen tan pou nou jwe; Poukisa li si difisil Pou n jwenn tan pou n priyè Pap nou vle beni nou Bib la di konsa: Mande, chèche, e frape E ou va resevwa. 3. Si ou santi ke ou refwadi, Si w dekouraje, Kounye a se tan favorab Pou ou rechofe, Konfese peche sa a ki fè ou tonbe Jezi va padone ou E ou va gen lajwa. 4. Gen yon peche tankou pwazon Li trè danjere, Li ka touye legliz si nou kite l antre Tripotay, se peche sal Fòk nou fèl sispann Lè nou sispann eskandal Pisans la va desann. 5. Nou batize, nou manm legliz Nou santi nou bon, Men malgre sa nou manke anpil benediksyon Louvri Bib la nan Malachi chapit twa Se pou n peye ladim. Se Bondye ki mande sa. 6. Tout moun bezwen yon revèy; Nou tout bezwen vin sen Paske yon jou Jezi va parèt Ak zanj li yo, Fòk wòb nou pi e san tach, Fòk nou sanktifye; Nou tout rete fidèl, Jouktan jou sa a va rive.