← Retour à la liste
La voix du reveil creole

20. Chemen an pa fasil Jouk nou rive nan syèl la

1. Chemen an pa fasil Jouk nou rive nan syèl la, Li genyen pikan e pyèj anpil. Chemen an pa fasil Men Jezi mache ak nou Li rann kè nou toutafè trankil. Kè: Non, non, chemen an pa fasil (2 fwa) Men Jezi mache ak nou Li pote fado nou Gras li fè kè nou rejwi anpil. 2. Chemen an pas fasil, Genyen eprèv, gen traka Tout kote nou pase gen danje Wout la mèt difisil Si Jezi kenbe men nou N a rete fèm lè pye nou glise. 3. Kò nou konn fatige, Dekouraje nan wout la Epi Satan konn vin tante nou. Men n ape tann Senyè nou. K ap parèt nan glwa Li L ape pran nou ak Li yon bèl jou.