← Retour à la liste
La voix du reveil creole

22. Ala yon mèvèye, mèvèye jou

1. Ala yon mèvèye, mèvèye jou Jou m pa ka jamè bliye, Lè m te nan tenèb, pèdi nan labou, Jezi Sovè m mwen kontre; Ala yon zanmi ki gen charite, Li satisfè m ak gras Li, Li pran tristès mwen, Li plen m ak lajwa E Li fè tout tenèb mwen pati. Kè: Syèl la desann, plen nanm mwen ak lajwa, Lè Sovè mwen te sove m sou lakwa. Tout peche m padone, Tenèb mwen tounen limyè. Syèl la desann, plen nanm mwen ak lajwa. 2. Fèt yon lòt fwa ak pisans Lespri Sen, Li fè m yon pitit Bondye, Lanmou Kalvè jistifye m, se sèten, Li ban m yon ran bò kote l; Travay sa a fèt nan yon ti moman Lè m repanti nan peche m, Lè m aksepte Li e lè m konfese Li, O beni non Li, Li sove m. 3. Alèkile, esperans mwen genyen La dire tout lavi sa a L a fini yon jou, men m tout asire M ap jwenn yon plas nan syèl la. Tou sa rive m paske yon bèl jou Mwen te kwè nan Jezikri, Byenfè yo si bèl ak lavi etènèl Mwen resevwa tout nan men Li.