← Retour à la liste
La voix du reveil creole

24. Chak Fwa Mwen Fè Yon Bagay

1. Chak fwa mwen fè yon bagay, Mwen pa t pou fè, Chak fwa mwen di yon bagay, Mwen pa t pou di, Kite m di ou sa mwen fè, E nanm mwen va beni Mwen kache yon kote pou m priye. Refren: Men wi mwen kache (2 fwa) Mwen mande sovè mwen Pou li dirije m; Men wi mwen kache, (2 fwa) Mwen kache yon kote Pou m priye. 2. Frè e sè nan Senyè a Mete nou prè, An nou priye pou nou kapab reveye, Jezikri fè nou pwomès Fòk li jwenn nou prepare Apòt la di nou priye toutan. 3. Chak fwa mwen fin lapriyè Mwen vin pi fèm Paske sentespri Bondye Pale nan kè m Nan Galat 5 vèsè 25 Moun k ap viv selon lespri, Se pou yo mache selon lespri. 4. Nan Bib la nou jwenn moun Ki te konn priye Pami yo nou jwenn Moyiz ak Danyèl Nan 1 Tesalonisyen chapit 5 vèsè 17 Apòt Pòl di nou priye toutan.