← Retour à la liste
La voix du reveil creole

33. Vwayaj abò bato selès la

1. Vwayaj abò bato selès la, Se vwayaj pou letènite beni Li va transpòte nou nan yon lye ki wo Yon peyi lajwa, lapè ak bonè. Refren: Pi wo pase zetwal Gen yon bèl vil kote lòm paka rive, Pou rive nan bèl vil sa a, Jezikri se sèl chemen Ki pou mennen w. 2. Pou moun ki vle ale nan vil selès la Tou dabò yo dwe jwenn plas yo nan Kris Li se sèl vwayajè ki va franchi syèl la, E mennen kretyen yo nan letènite beni. 3. Men lèzòm vle fikse je yo pi wo Y ap fè rechèch, yo prale nan lespas Men kretyen prepare nou pou n ale nan syèl Pou n ale rankontre avèk Sovè nou.