46. Nanm mwen te swaf Li pat jwenn satisfaksyon
1.
Nanm mwen te swaf
Li pat jwenn satisfaksyon,
E plezi lemonn te twonpe nanm mwen,
Men yon bon jou
Lè m t ap chèche soulajeman;
Jezi te di m : Genyen lavi nan mwen.
Refren:
Wi, mwen te jwenn li, Bèl sous lavi a,
Grasa Jezi kite mouri pou mwen ,
San li te koule, sou mòn kalvè a;
E kounye a, li satisfè nanm mwen.
2.
Lavi m te tris, lè m pa t ko konnen Jezi,
Pa t gen espwa, nanm mwen te boulvèse,
Men gras Bondye te louvri sous lavi a,
M te jwenn ladan padon ak libète.
3.
Zanmi mwen yo, O! poukisa nou mize?
Vin Kounye a, vin jwenn sous lavi sa a,
Fado peche yo twò lou pou sipòte,
Jezi vle ban nou repo Jodi a.