← Retour à la liste
La voix du reveil creole

49. Mwen Genyen Yon Bagay

1. Mwen genyen yon bagay Ki fè kè mwen kontan Anpil moun etone, pou wè Kòman m kontan, E m ap toujou kontan Espwa m pa sou tè sa a Daprè pwomès Bondye Menm si mwen te grangou, M pa t gen kay pou m rete, M ape tann gran jou sa a. Refren: P ap gen pale franse Konesans pra l fini, richès pra l disparèt. P ap genyen gwo mesye, Ni p ap gen gwo madanm, Tout moun va menm bagay. Lè Jezi retounen, li p ap vini chèche Savan ak zotobre; Sèlman li va bezwen Moun ki fè volonte l, Yo va men nan lamen. 2. Pou ou kapab al legliz, Fòk ou byen abiye Sa k pa gen pou l mete, Pa dwe chita kote w Ou ranpli ak lògèy. Sonje sa Kris te di Gwo doktè Nikodèm; “Si w ta vle gen lavi, Fòk ou fèt yon lòt fwa, Ou va wè gran jou sa a.” 3. Anpil moun konvèti, Yo pa chèche Bondye, Y ape priye sèlman Pou kay avèk oto, Se bagay k ap pase. Yo pa priye Bondye Pou padon peche yo fòk nou fè atansyon, Paske kay ak oto P ap rantre nan syèl la. 4. Lasyans ape travay, Malgre sa se nilman, Sa k konn fè mechanste, Ap vini pi mechan, Syans pa ka bay lavi. Lòm pa ka chanje lòm, Se sèlman Jezikri Menm si w te lougawou, Ou te konn touye moun Jezi kapab chanje w.