6. Gen de bagay mwen pa dwe konnen
1.
Gen de bagay mwen pa dwe konnen
Gen de kote, m pa dwe ale
Men gen yon bagay, mwen konnen siman
Wi Jezi bon, m santi l nan kè m
Refren:
O! Wi! Bondye bon, li bon pou nanm mwen
Wi li lave m e li fè m kenbe
Tankou yon dlo fre, o! wi! Bondye bon
Li telman bon, m santi l nan kè m.
2.
Genyen anpil moun ki pa krenn Bondye
Dènye jou a li va two ta
Pou yo wè tou sa pisans li te ye
O! wi! li bon, m renmen l konsa.
3.
Va genyen yon jou soley va kouche
P ap genyen limyè menm toutan,
Ou menm ki pa kwè, ki bò ou prale?
P ap gen kote pou ou kache.
4.
E tout frè ak sè ki genyen pisans
Nou dwe rann glwa pou pisans sa a
Lemonn pa konnen ki sa nou te jwenn
Se Sovè a ki renmen nou.