← Retour à la liste
La voix du reveil creole

61. Lè la vi m sanble tris, Lè m chaje ak pwoblèm

1. Lè la vi m sanble tris, Lè m chaje ak pwoblèm Se sou jenou m mwen konn jwenn lajwa Pesonn sou latè sa a pa kapab ede mwen Sèlman Senyè ka fè tout pou mwen. Kè Ou menm ki di frape e ou va louvri Ou menm k ap vin chèche m Pou m al nan syèl, Sonje mwen chè Jezi nan wout lavi sa a O sonje mwen! sonje mwen souple! 2. Tout bagay sou latè Va pase, zanmi mwen Pawòl Bondye, li va toujou la Ou menm ki gen tan toujou, vini jwenn Jezi Fè atansyon pou li pa twò ta. 3. Ane yo pase vit, tan yo vini pi kout Si yo vle di Jezi ap vini Ou menm k ap sèvi Kris Annou swiv li chak jou Talè konsa l ap vin chèche nou.