← Retour à la liste
La voix du reveil creole

64. Mwen se temwen Jezikri

1. Mwen se temwen Jezikri M ap obeyi li Lemonn pa ka bay lavi Se sèl Jezikri. Mwen vle konsakre lavi m Pou m fè sèvis li Tout byen m gen sou latè Se pou travay li. Kè O! Wi pou w temwen Fò w konnen Jezi, Ki mouri pou nou; Lòm pa kapab jwenn Bondye San l pa jwenn Jezi Alelouya! m te pèdi Men m twouve lavi. 2. Abraham papa lafwa Bib la di nou sa, Anvan Abraham te la Jezikri te la; Jezikri pa t janm pa la E l ap toujou la Pouw gen lavi etènèl Fòw nan Jezikri. 3. Lè m kwè m te prè Jehova Poutan m te byen lwen, Mwen t ap chèche verite Tout kote m pase; Tout pouvwa pou Jezikri Ki fè m wè erè m Se li ki laverite Pou letènite. 4. Senyè Bondye twa fwa se Ki gen tout pouvwa Ou ki voye Jezikri Vin mouri pou nou Nou ba ou remèsiman Pou bon sovè sa Ki te bay lavi l pou nou: Jezi Wa tout wa.