← Retour à la liste
La voix du reveil creole

66. Lè nou nan lamizè, Akable, toumante

1. Lè nou nan lamizè, Akable, toumante, Lè lavi nou boulvèse; Lè nou pèdi espwa; Lè tout bagay fènwa, Lè nou pa wè devan, Lè tristès nan kè nou, Lè nou nan laflilksyon Lè nou vle dekouraje Leve je nou anle, Epi gade Jezi N a santi nou pi fò. Refren Jezi ! Jezi ! Tanpri ban nou fòs Pou nou lite. Jezi ! Jezi ! Si ou pa kenbe n Nou va tonbe. 2. Pafwa se tantasyon Chak fwa nou vle fè byen, Men se mal ki prezante, Nou gen bòn volonte, Men twòp difikilte Fè nou pèdi lafwa Pafwa se maladi, Gen de lè se lanmò, Elas! nou dezespere, Si nou priye Jezi Wise nan limenm sèl Nou gen konsolasyon 3. Sa vre nou vle travay, E machje pou glwa li Men nou manke fòs, kouraj Lè eprèv yo vini, Gen kote nou febli, Malgre kalamite, Malgre difikilte ; Annou pa ebranle, Annou priye Jezi, Paske se limenm sèl Ki ka ban nou lajwa.