← Retour à la liste
La voix du reveil creole

70. Avan l te monte nan syèl ale jwenn Papa l

1. Avan l te monte nan syèl ale jwenn Papa l Li te kite disip yo Pou preche laverite. Tout sa k, pa vle kwè levanjil Deja kondane Sa ki kwè nan Jezikri, Prale viv nan syèl avè l. Refren Jou Jezi desann sou latè Avèk lame zanj papa l yo Yon moun ki pa la, Ou p ap pran avyon avè l, Jou Jezi desann sou latè Vin chèche tout pitit li yo Yon moun ki pa la, Ou p ap pran avyon avè l. 2. Levanjil preche gratis, Yo pa aksepte l Fòk nou pa konprann dènye Jou a nou ka pran daso. Lè avyon Jezi a prale, Sa k p ap gen visa Fòk nou pa konprann Rakèt ka voye n ale avè l. 3. Mak 16 vèsè 15 di nou : Ale toupatou; Al pote levanjil bay Tout moun ki sou latè; Sa ki kwè ki batize, Se yo ka sove Sa ki meprize levanjil, Deja kondane.