← Retour à la liste
La voix du reveil creole

75. Mwen sonje gen yon jou

1. Mwen sonje gen yon jou Kijan mwen te malad Doktè te di konsa Li pa kwè m ap sove Paran m yo tande sa, Yo tout te pran krye Men Jezi te pale nan jou sa a. Kè: Mwen pa kapab bliye, bliye jou sa a Kòman pou m ta bliye jou sa a Jou m te jwenn soulajman Pou nam mwen Glwaradye! (2 fwa, 4 liy) 2. Lè mwen pa t gen Jezi Kè mwen te toujou tris Mwen pa t kapab manje, Mwen pa t kapab dòmi Lè m rankontre Jezi Tout bagay te chanje Ala yon bon zanmi se Jezi! 3. Lè mwen te nan lemonn Mwen toujou t ap kriye Peche mwen yo te wouj E t`t mwen te chaje Chak jou mwen te leve Pwoblèm agoch, adwat Mwen te remèt lavi m bay Jezi. 4. Jodi a si gen moun Ki poko gen Jezi, Kouri vit aksepte l Paske lè a rive Nan Jezi gen lavi, Nan Jezi gen yon lèt k ap koule.