← Retour à la liste
La voix du reveil creole

76. Gen moun ki konprann ale nan syèl la

1. Gen moun ki konprann ale nan syèl la Se tankou pran panye ale nan mache, Se pa bèl kay, ni lajan ak bèl oto. Refren Ale nan syèl se pa jan ou konprann nan, Fò w met lafwa w na Jezikri Pou ka ale nan syèl. Ale nan syèl se pa jan w konprann nan, Fò w met lafwa w na Jezikri, pou ka ale. 2. Malgre n ap chante, malgre na p priye Malgre n ap jene temwanye toulejou, Epi gen yon moun ki mare sou kè nou Eske nou se moun ki kwè nan Kris? 3. Ou gen si lontan depi ou nan legliz Kondwit ou fè wè ou pako ketyen vre, Renmen an kachèt avèk lemonn yo, Epi nou konprann pou n ale nan syèl. 4. Ou genyen dwèt long; ou genyen lang long, Ou genyen 2 madanm; ou genyen 2 mennaj. S w antre nan yon legliz san konvèti Ou p ap kapab antre nan syèl la.