← Retour à la liste
Melodies joyeuses creole

11. Li ban nou plis gras

1. Li ban nou plis gras Lè fado nou vin pi lou. Li ban nou plis fòs Lè travay nou pi rèd. Nan mitan lafliksion Eprèv ak danje yo Nan lanmou, Li ban nou Lapè ki pi dous. Kè: Lanmou Li san mezi, Gras Li se pou tout moun Pisans Li pi gran Pase konesans nou. Nan richès enfini Li genyen nan Jezi Li ban nou, Li ban nou, Li ban nou toujou. 2. Lè tout lanmou, tout pasyans Nou gentan fini; Lè nou pèdi fòs Menm avan midi; Lè nou manke kouraj Pou mache nan wout Li; Lè sa a Bondye kòmanse Ban nou pisans Li.