14. Lè zeprèv vini nou mande pouki
1.
Lè zeprèv vini nou mande pouki
Nou bezwen soufri ak kè tris
Poutan lèzòt yo ki antoure nou
Ape rejwi yo menm nan peche.
Kè:
Pi devan n a wè Jezi nan glwa Li
Pi devan n ape konprann pouki
Bon kouraj, frè mwen,
Fè kè ou kontan,
Paske yon jou n a konpran n pouki.
2.
Souvan nou mande
Pouki nou bezwen
Pase nan wout sa a pou n swiv Jezi
Pandan lèzòt yo ap viv byen alèz
Ann bat pou chèche nanm ki pèdi.
3.
Rete fidèl jiska lamò, frè mwen
Senyè nou, Jezi egzòte nou.
Nou va kite tout traka nou pase
Lè nou antre nan syèl la yon jou.
4.
Yon jou n ap la ak Jezi Sovè nou
Nan bèl kay nou lè Li va vini.
Anlè n ap kontre byenneme nou yo,
Lè sa a n ape byen konprann pouki.