← Retour à la liste
Melodies joyeuses creole

3. Pwomès sa yo byen dous

1. Pwomès sa yo byen dous, Pawòl la bon, Li pi presie pase Nenpòt ki lòt mesaj; Kris te gen panse pwop, Li san peche, Li se pi gran egzanp ki te ka egziste. Kè: Lè l kondwi m m ap swiv li, Swiv li pou toujou, Lè l kondwi m ma swiv li. Mwen va swiv Li pou toujou. 2. Lanmou Jezi montre m, se mèvèye, Pi dous pase tou sa Lèzòm kapab panse, Pou sa yo ki pèdi, l ape plede, Li se pi gran egzanp ki te ka egziste. 3. «Vini jwenn mwen» se sa l ap repete, Pou ou genyen repo, ou menm ki fatige, Konfye w nan pwomès Li, se asire, Li se pi gran egzanp ki te ka egziste.