← Retour à la liste
Melodies joyeuses creole

21. Kote konbit yo ki pou rekòlte

1. Kote konbit yo ki pou rekòlte, Gran mwason pou nanm Nan jaden peche? Fòk nou byen pare ak laverite, Ranmase rekòt pou letènite Kè: Chèche travayè pou rekòlte, Gran mwason pou nanm Nan jaden peche? Kilès k a ede m Nan travay Bondye, Egzante nanm yo nan jijman dife? 2. Travay la pral rèd, l ap fè cho anpil, N a keyi nanm moun malgre gwo raje, Pa kite yon sèl, Paske tout pou Kris, Tout efò nou fè, sonje Kris te fè plis. 3. Mwason an pare fòk nou rekòlte, Travay la anpil, manke ouvriye. Yon jou n a regèt si nou fè reta, Vini bay konkou ou Nan gran travay sa a. 4. Annou mete men Senyè a vle sa, Nou pa fin konnen Valè yon sèl nanm Yon jou mèt rekòt la va retounen, Li vle nou rejwi ak Li pou toutan.