23. Mwen pa tou sèl Lè m nan chemen lavi a
1.
Mwen pa tou sèl
Lè m nan chemen lavi a
Mwen gen yon
Zanmi k ap mache avè m
Mwen pa tousèl
Menm si mwen pa wè pèsonn
Bon Bèje mwen
Rete kote m toutan.
Konsa, lè tanpèt la vin sou mwen
E tout zanmi m yo kite m
M ap chante, souri nan chemen an
Jouk mwen rive nan syèl la.
M ap vwayaje
Nan mòn kou nan vale a
Mwen pa tousèl,
Sovè m rete kote m.