← Retour à la liste
Melodies joyeuses creole

26. Men yon bèl ti nouvèl

1. Men yon bèl ti nouvèl Ki sòt nan syèl Pechè Jezi rele ou, leve je ou. Ou mèt kouvri ak mizè, Peche mèt degize ou Vin jwenn Li! 2. Jezi pitit Bondye Mouri pou nou; Li montre n lanmou Li Sou bwa Kalvè. Vin mèt tout konfyans ou; Nan san ki ka lave Tout kè ki plen peche, Vin jwenn Jezi! 3. Lè Jezi lave ou Avèk san Li Li delivre ou nèt nan men satan, Peche pa gen pisans Nan kè ou kòm avan Lespri sanktifye ou, Vini jwenn Li. 4. Vini kounye a menm, Piga ou rete Li va delivre ou si ou vini Si w kwè nan JeziKri, Peche ou ap efase E n a chante ansanm. Glwa a Jezi.