← Retour à la liste
Melodies joyeuses creole

29. Atansyon je mwen yo sa n ap gade

1. Atansyon je mwen yo sa n ap gade, (2 fwa) Paske Bondye nan syèl la Ape gade nou anba, Atansyon je mwen yo sa n ap gade. 2. Atansyon zorèy mwen sa n ap koute (2 fwa) Paske Bondye nan syèl la Ape gade nou anba, Atansyon zorèy mwen sa n ap koute. 3. Atansyon bouch mwen ak sa w pale, (2 fwa) Paske Bondye nan syèl la Ape gade ou anba, Tansyon bouch mwen ak sa w ap pale. 4. Atansyon men mwen yo sa n ap touche, (2 fwa) Paske Bondye nan syèl la Ape gade nou anba, Atansyon men mwen yo sa n ap touche. 5. Atansyon pye mwen yo kote n prale, (2 fwa) Paske Bondye nan syèl la Ape gade nou anba, Atansyon pye mwen yo kote n prale. 6. Atansyon kè mwen kisa ou renmen, (2 fwa) Paske Bondye nan syèl la Ape gade nou anba, Atansyon kè mwen kisa ou renmen.