35. Pawòl Bondye ban nou limyè
1.
Pawòl Bondye ban nou limyè
Pou klere tout chemen nou;
Lè m aksepte li kòm Senyè
Limyè a klere tout kè m.
Kè:
M ap sere pawòl Ou nan kè m
Pou mwen pa fè peche kont Ou,
Pou mwen pa peche (2 fwa)
M ap sere Pawòl Ou nan kè m.
2.
Pawòl Ou, Senyè, se sèten,
LI pa gen dwa janm fayi;
Fidelite Ou toujou menm,
Se sous ki vrèman jayi.
3.
Chak maten, midi ak aswè
M ap di: Mèsi, chè Senyè;
Paske Ou se yon bon Sovè,
Nan sèvis Ou m ap sensè.
4.
Pawòl Ou ban nou asirans
Jezikri va retounen.
E nou va chanje aparans;
Avèk Jezi n a rete.