← Retour à la liste
Melodies joyeuses creole

38. Isi ba mwen satisfè ak sa m genyen

1. Isi ba mwen satisfè ak sa m genyen Ak mezi byen Jezi vle ban mwen. M konnen nan syèl la Kote zanj y ap chante Mwen gen yon palè depi mwen sove. Kè: Nan peyi anwo a Mwen genyen yon palè Se lòtbò mòn lan Mwen anvi rive, Yon jou m a wè li Lè Jezi va vini M a louwe Li pou letènite. 2. Malgre mwen tante, Toumante, meprize Kèk fwa menm tèt mwen Konn byen chaje. Mwen se vwayajè Mwen prale nan syèl la. Mwen wè ak lafwa Yon palè laba. 3. Mwen pa malere, Mwen p ap dekouraje Mwen santi mwen byen, E mwen vle chante. Devan twòn Bondye, M ap ansanm ak zanj yo, Chante pou Jezi yon kantik nouvo.