← Retour à la liste
Melodies joyeuses creole

56. Bib la kanpe fèm kon yon wòch solid

1. Bib la kanpe fèm kon yon wòch solid Malgre lènmi atake l, Mesaj li grave nan kè pechè yo Pou ba yo lavi etènèl. Kè: Bib la kanpe fèm lè mòn yo tranble, L ap rete solid si tè a deplase, Annou baze lafwa nou sou li Paske Bib la rete fèm. 2. Bib la kanpe, l ap kanpe pou toujou, Lè lemonn gentan pase, Mwen vle obeyi tout prensip li yo, Se sèl liv sa a ki inspire. 3. Bib la pase tout eprèv nou ba li Se pawòl Bondye li ye. Ak gras, mwen vle viv daprè sa li di. Wi, pawòl Bondye se pou mwen.