← Retour à la liste
Melodies joyeuses creole

58. Chak moman Sovè mwen mennen m

1. Chak moman Sovè mwen mennen m; Kisa mwen dwe tann ankò? Mwen pa janm kab doute lanmou L, Wi, sa vo plis pase lò. Lapè, syèl ak konsolasion Ak lafwa mwen jwenn nan Li; E nan tout bagay ki rive m Mwen toujou wè Jezi Kri. (bis 2 liy) 2. Chak moman Sovè mwen mennen m; Souri Li klere chemen m. Li ban m gras pou tout eprèv mwen, Pen ki sòti nan Li menm. Malgre pye mwen souvan glise E nanm mwen konnen swaf tou, Sòti nan wòch la devan mwen Sous la jayi nwit kon jou. (bis 2 liy) 3. Chak moman Sovè mwen mennen m, Kè m ranpli ak lapè li; Lanmou l va toujou anbrase m Menm nan soufrans ak dizèt; Lè mwen va monte nan syèl la Kote Jezi ap tann mwen, Chan sa a ma va chante toujou: Li va mennen m jouk lafen. (bis 2 liy)