64. O Kanaran bèl Kanaran
1.
Mwem konnen m ap rive laba
Kote ki gen la pè, la jwa,
Se la mwen vle rete toutan,
Nan bèl peyi sa a, Kanaran.
Kè:
O Kanaran, bèl Kanaran,
Se la mwen vle rete toutan.
Kote lèt avèk myèl koule,
Kote ki p ap janm gen peche,
Se la m ap rete viv san fen,
Pou toujou ak Kris, Sovè mwen
2.
Wout la move, men m ap rive
Satan ap chèche fè m tonbe,
men Jezi kenbe m pazapa
Jouk mwen rive la, nan laglwa.
3.
Mwen p ap janm plenyen, ni kriye,
Men m ap toujou pèsevere,
Paske Kris soufri twòp pou mwen
Fòk mwen swiv Li jiska lafen.