← Retour à la liste
Melodies joyeuses creole

72. M konfye m nan Bondye tout kote mwen ye

1. M konfye m nan Bondye tout kote mwen ye. Ni sou latè, ni sou lanmè twouble; Nan tout traka, nan lavi sa a Papa m nan syèl la ape veye mwen. Kè: M konfye m nan li, Mwen konnen L ap pran swen mwen, Nan dezè a, ou nan move chemen, Lanmè pouse m, Bondye kenbe m Papa m nan syèl la ape veye mwen. 2. Li gade flè nan jaden toupatou, Li pran swen zwazo k ap chante pou nou, jiska lafen, L ap sonje mwen, Papa m nan syèl la ape veye mwen. 3. Wout la ka di, nyaj yo kouvri mwen, Bèje a gade mouton l jouk lafen Apre monn sa a, n a wè syèl la, Papa m nan syèl la ape veye mwen.