81. Sa sa fè si wout la move?
1.
Sa sa fè si wout la move?
Menm si gen move pa?
Li konnen byen tou sa m ka fè,
Papa m ranje l konsa.
Kè:
M ap chante nan solèy, nan fènwa,
Nenpòt sa k rive m a kontan,
Fò m chante, mwen pa kapab rete,
Papa m ranje l konsa.
2.
Sikonstans yo kapab chanje,
Sa pa fè mwen anyen,
Depi se konsa li chwazi,
Plan Papa m bon pou mwen.
3.
Li te dejà pase wout sa a,
M ap swiv Li pazapa,
Mwen gen konfyans Jezi Senyè m,
Ap mennen m nan syèl la.
4.
Sèlman limyè ak rejwisans,
Ap tann mwen alafen,
Donk mwen pa pè yon ti soufrans,
Papa m ranje li byen.