← Retour à la liste
Melodies joyeuses creole

83. Pi fon, pi fon mwen prale

1. Pi fon, pi fon mwen prale Nan lanmou Jezi Sovè m, M ap chèche konnen pouki Li te tèlman renmen m, Pouki Li lonje men Li Wete m nan gran peche, Li te sove m, Li te geri m Malgre m te byen egare. 2. Pi fon, pi fon mwen prale Nan gwo soufrans Jezikri, Ma p swiv Li nan jaden an Kote l te swe san Li, Li te pran fado doulè, Peche lemonn antye, O chè Senyè, tanpri ede m! Pa kite m dekouraje! 3. Pi fon, pi fon mwen prale Nan volonte Jezikri, M ap priye l, e m ap swiv Li M ap fè Senyè m plezi. Mwen vle bese devan Li, Pwostène nan pye Li, Kris, fè sa w vle, Pran tout kè mwen, Fè m yon bon veso, tanpri!