← Retour à la liste
Reveillons-nous creole

11. San Jezi mwen pa kapab viv

1. San Jezi mwen pa kapab viv Mwen pa ka fè yon sèl pa; Se li menm sèl mwen ta vle suiv. M ap suiv li jouk sa kaba. Kè Anyen mwen pa gen pou m krenn Puiske Sovè m ap veye m; M ap suiv li san mwen pa plenyen Li p ap kite mwen neye. 2. Amou li avèk pwomès li Ranpli kè m ak yon gran jwa; Mwen mèt tou fèb mwen mèt kagou, M sèten l ap ban m laviktwa. Kè Anyen mwen pa gen pou m krenn Puiske Sovè m ap veye m; M ap suiv li san mwen pa plenyen Li p ap kite mwen neye. 3. Lè fènwa vin pou fè m tranble, Avèk li mwen brav anpil; Lè vwa satan ape gwonde Mwen rete dousman, trankil. Kè Anyen mwen pa gen pou m krenn Puiske Sovè m ap veye m; M ap suiv li san mwen pa plenyen Li p ap kite mwen neye. 4. Jezi, wete tout sa k pa pwòp Nan kè mwen, pou mwen mache; Pirifye mwen, lave m, fè m pwòp Jan Bondye vle pou mwen ye. Kè Anyen mwen pa gen pou m krenn Puiske Sovè m ap veye m; M ap suiv li san mwen pa plenyen Li p ap kite mwen neye.