← Retour à la liste
Reveillons-nous creole

102. Anfen mwen livre volonte m si rebèl

1. Anfen mwen livre volonte m si rebèl; Mwen vle pou ou, Sovè m, pou menm sèl. Kounye a mwen vle di nan priyè m: Senyè, fè volonte ou nan kè m. Kè Volonte Bondye dous; Se li menm mwen kontan swiv; Senyè, volonte ou agreyab; Fè m pi konprann li chak jou; Fè m konnen jan pou m swiv ou; Volonte ou dous, li si emab. 2. Mwen te fini, bouke viv anba peche Chemen Satan fènwa, rèd e glise; Men yon bèl limyè klere wout la Lè m te jwenn ak Jezi pre lakwa. 3. O, volonte ou dous; ladan m ap rete; Ou sèl konnen chemen mwen dwe pase. Tout dezòd regle, lapè ranpli m; Kon yon ti zwazo, nanm mwen vin lib. 4. Nanm mwen kache nan ou, Senyè, pou toutan Pye mwen pa pou swiv ankò tras Satan. Ki pisans ki ka egare mwen Lè m rete nan volonte Bondye?