← Retour à la liste
Reveillons-nous creole

106. Men yon bèl istwa

1. Men yon bèl istwa: Kris te kite tout glwa Li te konnen nan Syèl; Non li: Emanyèl. Lè l fèt nan krèch la, Moun yo pa t konprann sa; Sou latè li pase anpil traka. Kè Ala m renmen li! Mwen adore li! Jezi se tout sa kè mwen bezwen. Gran Kreyatè a te vin sove mwen; Mwen konnen Bondye nan Jezi Kri. 2. Li te imilye l pou nou kapab rachte; Lè nou te nan fènwa, Lè nou te san espwa, Bondye nan gras li Te kite tout glwa li; Li te vin chache e sove nanm mwen. (Kè) 3. Nan gran bonte li, Pou nou Kris te soufri; Sou fòm yon nonm li vin Pou montre plan Sali; Se yon gran mistè sakrifis sou Kalvè; Kris sèl konn satisfè bezwen kè mwen. (Kè)