← Retour à la liste
Reveillons-nous creole

116. M bezwen Jezi, se sa kè m rekonèt

1. M bezwen Jezi, se sa kè m rekonèt; Nanpwen zanmi kon li lè m nan tristès; M bezwen Jezi, se sa kè mwen admèt; Lèzòt ka pote fado yo, Men m bezwen Jezi. Kè M bezwen Jezi, m bezwen Jezi, M bezwen Jezi kounye a; M bezwen l lè solèy klere, M bezwen l lè gran van soufle; Chak moman sou wout Syèl la Mwen bezwen Jezi. 2. M bezwen Jezi yon zanmi kon li menm Pou gide m lè fènwa vin sou chemen m; M bezwen Jezi, lè lènnmi nanm mwen pre; Mwen menm tou sèl, m ta fayi nèt, Mwen bezwen Jezi. (Kè) 3. M bezwen Jezi, mwen bezwen l jouk lafen; Pechè yo pa gen yon lòt vrè zanmi; M bezwen Jezi, lòt yo pa ka sifi; Si plen lanmou, li fò, li vrè, Wi, m bezwen Jezi. (Kè)