← Retour à la liste
Reveillons-nous creole

120. N ap chante yon kantik Nwèl

1. N ap chante yon kantik Nwèl Bèl fèt ki fè nou tout kontan! Jou Nwèl nan tan lontan, Jezikris te vini sou latè. Li te desann pami lèzòm, Kon yon timoun. E l ap voye bòn volonte Ak lapè pou tout moun! Kè Sonnen byen bèl Tout klòch Nwèl Lè Kris vini Pou ret ak nou. Emanyèl, non ki si bèl. 2. Bèje yo koute, tout sezi, Lè zanj lan bay bon nouvèl la. Tout foul zanj yo t ap chante: Tout glwa pou Bondye ki nan syèl la Ki gran lanmou li gen pou nou, Ki fè l desann. Premye Nwèl, jou sa a si bèl Bèl pou tout moun 3. N ap tande bèl kantik ankò, E n ap vini prese, prese. Nou vle ofri l yon kado, Se pa lò men kè nou n ap pote. Li te vini, Li te soufri Jis nan lanmò, Pou mennen nou, ak tout moun tou, Nan bèl syèl la.