← Retour à la liste
Reveillons-nous creole

13. Lè n ap mache ak Kris, nan limyè pawòl li

1. Lè n ap mache ak Kris, nan limyè pawòl li Ki bèl glwa li voye sou wout nou! Lè n ap fè volonte l, li rete kote nou, Avèk tout moun ki obeyi, kwè. Kè "Obeyi, kwè ", se tout sa pou ou fè, Pou ou kontan nan Jezi, Se pou w obeyi kwè. 2. Lonbraj kapab parèt, ka gen nyaj nan syèl la Souri Jezi fè tout disparèt; Okenn dout, okenn krent ni soupi ni kriye P ap rete lè nou obeyi, kwè. Kè "Obeyi, kwè ", se tout sa pou ou fè, Pou ou kontan nan Jezi, Se pou w obeyi kwè. 3. Nou p ap pote yon chay pou yon lòt k ap soufri San Jezi pa beni nou pou sa. Nou p ap sibi yon pèd, nou p ap pote yon kwa San n pa beni, si n obeyi, kwè. Kè "Obeyi, kwè ", se tout sa pou ou fè, Pou ou kontan nan Jezi, Se pou w obeyi kwè. 4. Men nou pa ka konnen tout mèvèy amou li Avan nou konsakre tout bagay; Paske byenfè li yo ak lajwa li ban nou, Se pou moun ki vle obeyi, kwè. Kè "Obeyi, kwè ", se tout sa pou ou fè, Pou ou kontan nan Jezi, Se pou w obeyi kwè. 5. Konsa nan prezans li, n a chita nan pye li Oubyen n a mache nan wout avè l. Sa li di, nou va fè; nou pral kote li vle San pè anyen, n a obeyi kwè. Kè "Obeyi, kwè ", se tout sa pou ou fè, Pou ou kontan nan Jezi, Se pou w obeyi kwè.